Description

Various Content - Sujets Variés - On Pakèt Koze

Translate

Tuesday, June 3, 2014

Jere Moun Ki Difisil Nan Travay Ou

Nan chak travay ou ye, w'ap gen pou ou kontre ak omwens yon kòlèg ki difisil oswa degoutan. Fè fas ak kòlèg, patwon, kliyan, oswa zanmi ki difisil se tankou yon travay atis. Fè fas ak sitiyasyon difisil nan travay se yon kokenn chenn defi, men li vini ak rekonpans anpil fwa. Ou ka ogmante konpetans ou nan fè fas ak moun yo difisil ki antoure ou nan mond travay ou. Si ou twouve w' nan on sitiyasyon konsa, gen anpil konsèy sou dosye sa-a ki kapab ede ou.

Moun ki difisil egziste nan nenpòt domèn travay ou ta ka ye. Moun ki difisil vini sou tout fòm epi nan kelkeswa job ou genyen ak kelkeswa kote w'ap travay. Anpil fwa, fason ou jere moun difisil sa yo depann anpil de ou menm. Solisyon an pase pa nivo ou fè tèt ou konfyans, epi nivo kouraj pwofesyonèl ou.


Anpil moun ki reflechi e bay opinyon yo sou dosye sa-a pwopoze anpil teknik ak solisyon. Youn nan solisyon ke Susan M. Heathfield pwopoze se: "Monte nan yon nivo ki pi wo ke pwoblèm nan."

Pou jodia, mwen te vle ou reflechi sou koze sa-a. Eske ou ta vle pataje ak zanmi sou nèt la, ki teknik ou genyen pou ou jere moun ki difisil nan on travay oubyen nan lavi an jeneral?

No comments: