Sa gen kèk semèn depi mwen te li yon atik ke Peter Gasca ekri, sou fason anpil moun bay remèsiman jounen jodi. Si sa posib pou ou, li atik orijinal la ki ekri an Anglè ou byen tradui li sou Google.
Mwen dakò ak Mr. Gasca sou fason li apwoche sijè sa-a. Jodia, teknoloji tèlman avanse, li rive afekte fason nou kominike youn ak lòt. Sa pa vle di teknoloji pa bon non. Toutfwa, se fason kèk fwa nou kite li pote nou ale, jouskaske li fè nou bliye kek prensip bon lizay nou te aprann avan teknoloji te antre byen fon nan lavi nou konsa.
Kit se nan travay, nan lekol, nan Legliz, nan kominote, elatriye... eske nou panse sa pase mòd pou nou pran plim ak papye (oubyen kat remèsiman), pou di yon moun mèsi pou bagay yo fè pou nou?
Nan ki fason ou prefere bay remèsiman?
Nan ki fason ou prefere jwenn remèsiman?
Bay repons ou, epi pataje atik sa-a.
Avan mwen bliye, m' tou pwofite di ou mèsi pou tèt ou li epi pataje atik sa-a. :)
1 comment:
Mwen panse avek evolisyon mond lan, fason pou moun di mesi genyen plizye mwayen sa kapab fet.
Plim ak paye nan tan lontan sowa yon kat postal se te kle, men kounye a, avek teknoloji ou ka we yo poste yo sou entenet tou.
Li bon pou nou toujou di mesi swa avek mwayen ekri oubyen yon jes kelkonk.
Koutwazi ak gratitid se yon bagay pou tout moun kontinye kiltive lakay yo pou tout kilti, lang ak moun pou tout laj.
Post a Comment